THIS IS IT : Bill se Casseus Claudel zanmi ou ki Ayiti a.Mwen ekri ou mesaj sa,jis pou mwen fè ou konnen ke mwen fè E-Mail la.Ou se yon moun ki konte pou mwen anpil nan lavi’m.Mwen konsidere ou tankou papa’m,paske nan ti bout tan ou fè Ayiti a,ou ede’m anpil avèk ti kob ou ban mwen yo.Gras a Dieu manman’m pa pli mal,men li toujou lopital.Mwen santi ke se bon Dieu ki voye ou sou wout mwen.Paske mwen pat konnen ki bo mwen ta pra’l jwenn kob pou mwen te achte medikaman pou manman’m.Gras a ou mwen gentan achte anpil medikaman pou manman m . M’ap priye bon Dieu chak jou pou ou,pou li kenbe lavi ou pou li ba ou fos ak kouraj nan tout sa ou ap fè.Paske ou se yon bon moun,ke bon Dieu beni ou bye bye .